Bòz lanmou an fò

29/07/2015 11:32

Bòz sa se Pa yon drog pouw pran nan nen
Ni se Pa yon Bòz ou ka manyen
Bòz LANMOU an telman fò
Siw mal fimenl, sa ka koze lanmò

Paskel vwayaje tankou lè
Li ateri nan nenpòt kè
Ou Pa bezwen yon gwo fimè
Paskew ka ray a nenpòt kilè

Bòz LANMOU an soufle
Tankou yon ti van leje
Ki toujou mete dòmi nan je
Si tou lèw ap karese

Li fè chè de poul leve sou po w
Vire tounen younn ap di lòt "m anvi bo w"
Se fè ti lago bò rivyè
Fè detant sou sab lanmè

De tanzantan se Zye dou
Fè pwomenad nan tout lakou
Vire tounen se men nan kou
Bouch nan Bouch ap fè lanmou

Bòz LANMOU an tèlman fidèl
Li Pa gade sou byen materyèl
Tout sa ki parèt enposib Wap ka fèl
Li ka fèw vole rive jis nan syèl, menm lèw Pa
GEN Zèl

Écrit par votre # Geson #TeamMegaAS

ESKEW PRAN NAN BÒZ DEJA ?

Précédent